English for Speakers of Other Languages
(ESOL) Program
(Pwogram angle pou moun ki pale yon lòt lang (ESOL)

 

Moun ki kontak-la: Tania Mena
                               ESOL Director
                               (754) 321-2957
                               tania.mena@browardschools.com 
                       
Curriculum and Instruction                                                         
Moun ki kontak-la: Vicky Brioso-Saldala
                               Title III Coordinator
                               (754) 321-2965
                                victoria.saldala@browardschools.com

Bi pwogram ESOL se asire tout elèv kap antre nan Broward County Public Schools (lekòl piblik Brawad Kaounti)avèk diferan nivo konpetans nan lang angle resevwa menm enstriksyon epi yon enstriksyon konpreyansib. Ansèyman-sa-a ede elèv-sa-yo devlope abilte pou kominike epi abilte nan etid-yo ki esansyèl pou satisfè estanda nasyonnal, Leta ak distrik-la.

Tout lekòl ki gen elèv yo klase limited English proficient (LEP) (konpetans limite nan lang angle)  dwe founi yon pwogram ESOL  apwopriye pou satisfè bezwen espesifik elèv-yo nan aprann lang-lan,  nan reyisit etid-yo epi nan fasilite entegrasyon kiltirèl-yo nan sosyete-a. 

Yo ekzije elèv ki nan pwogram ESOL gen menm estanda pwogram etid nan Angle/Language Arts epi nan menm  ansèyman nenpòt lòt elèv resevwa. Se Sunshine State Standards (estanda Leta Florid) ki tabli kontni pwogram etid-la.  Yo sèvi ak estrateji ESOL, materyèl anplis, epi asistans nan lang natif natal elèv-la pou asire chak elèv LEP  resevwa yon ansèyman konpreyansib.

School Board Policy 6000.1 – Student Progression Plan
Consent Decree (Dekrè ki otorize)
No Child Left Behind (Lwa okenn timoun pa dwe rete annaryè)
Program Support (Pwogram sipò)

Resous
Department Handbook (Manyèl Depatman-an)
Best Practices PowerPoints
Materials List for ESOL (Lis materyèl pou ESOL)
Suggested Bilingual Dictionaries (Diksyonnè bileng sigjere)

 

Entèpretasyon/Tradiksyon
Kontak: Andres I. Martinez
              Assessment and Interpreter Resources
              (754) 321-2982
              andy.martinez@browardschools.com

Depi nan moman enskripsyon elèv yo dwe fè tout efò posib pou enfòme epi oryante fanmi nan sistèm lekòl piblik Broward County Public Schools System epi  sèvi ak materyèl ki tradwi nan twa lang ki pi kouran: Kreyòl ayisyen, Pòtige, ak Espayòl.

Entèprèt ak tradiktè ki travay nan Distrik-la gen fòmasyon pou asiste diferan biwo Distrik-la, lekòl, elèv ak fanmi-yo.  Lekòl-yo kapab mande asistans entèprèt ak tradiktè Depatman  ESOL Program Services Education Department (Klike isit la).

Entèprèt ede lè gen konferans ak fanmi,  ESE staffings, reyinyon Committee LEP-Komite LEP, ak lòt reyinyon enpòtan kote yo ka bezwen asistans nan lang natif natal.

Depatman Multicultural & ESOL Program Services Education ofri klas fòmasyon pou entèprèt epitou pou moun ki bezwen sèvis yon entèprèt. Bi-a se travay yon jan efikas pou ede elèv LEP ak fanmi-yo.

Depatman  Multicultural & ESOL Program Services Education anplwaye aplentan tradiktè ki tradwi fòmilè ak dokiman pou tout distrik-la. Yo voye lakay fòmilè ak dokiman-sa-yo nan twa lang prensipal: Kreyòl ayisyen, Pòtige  ak Espayòl.  Sa enkli, men pa limite ak:

• Liv Regleman sou Kondwit Elèv ak Gid pou Fanmi
• Papye enskripsyon
• Kanè lekòl primè
• Kanè entèmedye pwogrè/Plan Amelyorasyon Akademik (AIP)
• Fòm Konferans Fanmi
• Fòmilè Edikasyon Altènatif
• Fòm pou pwogram Title I
• Fòmilè pou pwogram Early Childhood
• Fòmilè Pre-K (klas avan kindègadenn) ak VPK epi fèy enfòmasyon
• Fòmilè Sante
• Fòmilè pou lekòl pandan mwa vakans
• Fòmilè konsènan konfidansyalite
• Fòm ESE
• Fòmilè pou pwogram Early Intervention
• Fòmilè ak Bwochi pou pwogram Magnet
• Fòm pou elèv ki entelijan anpil-gifted


               
Bilingual School Psychologists
Kontak : Dr. Diane Wilen
               Bilingual Psychologist
               (754) 321-2968
               diane.wilen@browardschools.com

Sikològ espesyalis ansèyman bileng Depatman  Multicultural & ESOL Program Services Education Department konsilte avèk pèsonnnèl rejyonnal, distrik epi lekòl-yo sou keksyon an rapò avèk entèvansyon epi evalyasyon gwoup elèv ki gen konpetans limite nan angle (LEP).  Yo kapab konsilte sikològ espesyalis ansèyman bileng nan ka patikilye elèv LEP ki an danje epi ki nan edikasyon ekspesyonnèl. Lòt sèvis sikològ depatman-an  founi se klas fòmasyon ak devlopman materyèl ki ka sèvi kòm resous pou pwofesè, administratè,  sikològ ki travay nan lekòl-yo,  pou moun ki itilize sèvis yon entèprèt, founisè sèvis tradiksyon epi pou fanmi. Sèvis-yo ede nan reyisit elèv LEP. 

Biwo-sa-yo anplwaye sikològ espesyalis ansèyman bileng nan lekòl  Broward County Public Schools:
North Area Student Services                        (754) 321-3470
North Central Area Student Services           (754) 321-3040
South Central Area Student Services          (754) 321-3870
South Area Student Services                       (754) 321-3614
Psychological Services District Office         (754) 321-2460
Family Counseling Services                         (754) 322-3153
Ou kapab jwenn moun ou kapab kontakte nan biwo-sa-yo nan sèvis  Psychological Services, adrès sit Entènèt  www.broward.k12.fl.us/studentsupport/
psychologicalservices/html/contacts.htm
.

Sit Entènèt-sa-a founi yon fowòm pou enfòmasyon espesyalize, pratik miyò, resous, fòmilè, epi koneksyon-links pou ede sikològ lekòl nan travay-yo avèk elèv LEP , ak  fanmi-yo epi edikatè kap asiste-yo.
                                  
Links:
Broward County Public Schools
http://www.broward.k12.fl.us/studentsupport/psychologicalservices

Center for Applied Linguistics
www.cal.org

Center for Research on Education, Diversity and Excellence
www.cal.org/crede

Colorín Colorado
www.colorincolorado.com

ERIC Clearinghouse on Language and Linguistics
www.cal.org/ericcll

Florida Association of School Psychologists
www.fasp.org

National Association for Bilingual Education
www.nabe.org

National Association of School Psychologists
www.nasponline.org

National Association of School Psychologists Culturally Competent Practice
www.nasponline.org/culturalcompetence/index.html

National Clearinghouse for English Language Acquisition and Language Instruction Educational Programs
www.ncela.gwu.edu

Teachers of English to Speakers of Other Languages
www.tesol.org