Keksyon yo poze pi souvan
(Frequently Asked Questions)

K Nan ki lekòl pitit-mwen prale?
R

Pou ou konnen nan ki lekòl pitit-ou prale, rele  Pupil Placement/Reassignment Department (depatman plasman elèv ak demann transfè) nan nimewo telefòn 
(754) 321-3035. Bay adrès kote ou rete kounye-a epi klas timoun-nan ap fè oswa klas li pral fè epi depatman-an ap di ou nan ki lekòl timoun nan prale.  Si ou gen yon adrès pèmanan nan Broward, itilize School Locator link nan sit entènèt www.browardschools.com/schools/locator.htm 

K Èske yon timoun ka ale nan yon lekòl ki pa nan zòn lakay-li? 
R

Wi. Sepandan, chwa-yo limite. Pou plis enfòmasyon sou lòt chwa ak pwogram ki genyen, pran kontak ak:

• Pupil Placement/Reassignment Department  (754) 321-3035
• Biwo Magnet Office  (754) 321-2380

K Ki lè lekòl fonksyonnen?
R Lè lekòl kapab chanje.  Anjeneral, lekòl primè louvri depi 8:00 am - 2:00 pm (uitè nan maten rive dezè nan apremidi); lekòl segondè midèleskoul louvri  depi  9:00 am - 4:00 pm (nevè maten rive katrè apremidi) epi lekòl segondè ayeskoul louvri depi 7:40 am - 2:40 pm (setè karant nan maten rive dezè karant nan apremidi).  Pou nou kapab konnen egkateman lè yon lekòl fonksyonnen, nap mande fanmi-yo rele biwo administrasyon lekòl pitit-yo. 
K Kilès ki kalifye pou transpò?
R Tout elèv ki rete plis pase yon distans de (2) mil de lekòl-yo kapab gen transpò gratis nan bis lekòl  Broward County Public School. Si gen yon danje sou wout ki mennen nan lekòl pitit-yo, yo kapab bay pitit-ou transpò. Nou konseye fanmi-yo rele lekòl pitit-yo pou plis ransèyman.

Pou enfòmasyon sou transpòtasyon, tanpri gade Nimewo wout-yo epi chwazi tèminal transpòtasyon ki koresponn: 

Nimewo wout (Routes)

1000 rive 1999
2000 rive 2999
3000 rive 3999
4000 rive 4999
5000 rive 5999

Tèminal

North Area
Central Area
South Area
Central West Area
Northwest Area

Nimewo telefòn

(754) 321-4000
(754) 321-4480
(754) 321-4100
(754) 321-4150
(754) 321-4050

K Ki jan yon moun kapab patisipe nan lekòl?
R Gen plizyè jan fanmi kapab patisipe nan edikasyon pitit-yo – yo dwe rete okouran sou tout sa kap pase nan saldeklas, lakay ak nan tout distrik-la.  Broward County Public Schools-Brawad Kaounti Lekòl Piblik ankouraje fanmi-yo patisipe aktivman epi pran responsablite yo pou yo bay pitit-yo bon jan edikasyon. Na jwenn nan pakè-sa-a yon esplikasyon sou plizyè jan fanmi kapab patisipe. 
K E si mwen konnen oswa sispèk pitit-mwen gen yon andikap nan kò oswa gen difikilte pou aprann?
R Fè lekòl-la konnen nan moman ou enskri pitit-ou. Bay kopi tout papye ou kapab genyen. Espesyalis Exceptional Student Education (ESE) (edikasyon pou elèv eksepsyonnèl) nan lekòl-la ap kòmanse pwosesis ki va deside si pitit-ou kalifye pou resevwa sèvis edikasyon. 
K Èske pitit-mwen va resevwa manje gratis oswa pi bon mache nan lekòl-la?
R Ranpli yon aplikasyon epi retounen-ni nan lekòl-la. Si ou gen pitit nan plis pase yon lekòl, ranpli epi depoze sèlman YON sèl aplikasyon. Pou yon elèv kalifye sa depann sou revni total moun nan kay-li.  
K Ki sa ki va rive si pitit mwen pale angle enpe oswa pa pale angle ditou?
R Broward County Public Schools-Tout lekòl nan Brawad Kaounti ofri sèvis pou English for Speakers of Other Languages (ESOL). Sèvis-sa-yo se pou elèv ki pale yon lòt lang ki pa angle. Pou pitit ou ka resevwa sèvis ESOL yo va ba-li yon tès pou evalye sa li konnen nan  lang angle.  
K Ki kote mwen ka jwenn plis ransèyman sou lekòl segondè ayeskoul ak gradyasyon?
R The State of Florida-Leta Florid kreye yon sit entènèt pou jwenn ransèyman sou ayeskoul ak opsyon ou kapab genyen apre gradyasyon ayeskoul. Tanpri vizite sit entènèt  www.FACTS.org.
K Ki jan mwen kapab konnen ki kote pou m ale pou jwenn ransèyman anplis sou lòt sèvis ak depatman?
R Parent’s Guide to Broward Schools (Gid pou Paran nan lekòl Broward) se yon gid ki prepare pou ede-ou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram ak resous ou kapab itilize pou ede pitit-ou aprann epi reyisi lekòl. Ou kapab gen aksè ak Gid-sa-a nan sit entènet www.browardschools.com/info/guide.htm.