Moun ki kontak-la: Linda Medvin
Multicultural Curriculum Development/Training
Specialist
(754) 321-2969
linda.medvin@browardschools.com
Konsantrasyon sou Edikasyon Miltikiltirèl pwomouvwa yon edikasyon sou diferan kilti/tradisyon nan lemonn epi yon meyè konpreyansyon diferan kilti. Edikasyon Miltikiltirèl devlope respè ak apresyasyon pou pèp ki gen diferan tradisyon. Li anglobe sijè kontanporen tankou sosyete pliralis, konprann de oswa plizyè kilti, sosyete kote gen plizyè kilti/plizyè lang ki pale, etid sou gwoup etnik ak sou gason/fi, epi edikasyon sou kilti/tradisyon nan lemonn. Edikasyon Miltikiltirèl enkli defi dezegregasyon ak entegrasyon pase e prezan, prejidis, rasis, opresyon ak endiferans sitwayen. Edikasyon Miltikiltirèl enkli tou sans moral, etik, valè imen, epi sitwayènte nan kominote etnik ak sosyete-a anjeneral.
Bi Edikasyon Miltikiltirèl se ede tout elèv-yo nan devlopman konnesans, abilte ak atitid nesesè pou siviv epi fonksyonnen avèk efikasite nan yon sosyete ki prezante divès kilti/tradisyon. Divèsite tradisyon anrichi yon sosyete. Edikasyon Miltikiltirèl dekri istwa ak apò divès gwoup nan devlopman Etazini ak lemonn.
Evolisyon lwa obligatwa Leta Florid konsènan Edikasyon Miltikiltirèl
The Florida Legislature pase yon dekrè FLORIDA STATUTE 1003.42 (ki ranplase Florida Statute 233.061) ki egzije lekòl piblik-yo anseye istwa Olokòst (1933-1945) … nan yon fason ki dwe pèmèt dekouvri motif kache nan konpòtman imen, konprann konsekans prejidis, rasis ak estereyòtip epitou egzaminen ki sa vin yon moun responsab e ki montre respè vle di pou ankouraje tolerans divèsite nan yon sosyete pliralistik e pou devlopman ak pwoteksyon valè demokratik ak enstitisyon demokratik.
Nan prentan anne 1994, Florida Legislature nan yon amannman dekrè-a ekzije lekòl piblik Leta Florid anseye istwa African Americans ki enkli “istwa pèp Afriken, konfli politik ki abouti nan devlopman esklavaj, travèse lanmè soti an Afrik rive ann Amerik, eksperyans esklavaj, abolisyon esklavaj, epi apò African Americans nan sosyete-a.”
Nan lanne 1998, yon lòt amannman dekrè-a rann obligatwa ansèyman “etid Hispanic Contributions to the United States (Kontribisyon ispanik nan Etazini) ak etid Women’s Contributions to the United States (Kontribisyon fanm nan Etazini).”
Nan lanne 2002, Florida Legislature reyòganize lwa konsènan edikasyon. FLORIDA STATUTE 1003.42 ekzije “Manm pèsonnèl anseyan lekòl piblik-yo, konfòmeman ak regleman State Board of Education (Konsèy Edikasyon Leta) epi konsèy administrasyon distrik lekòl, dwe anseye avèk efikasite epi onnètete, sèvi ak liv epi materyèl ekzije, dapre pwogram etid rekòmande, epi anplwaye metòd pedagojik apwouve.”
Multicultural DepartmentManyèl/Gid Pwogram Etid:
Devlopman pwofesyonnèl:
Prezantasyon-yo:
• Supplementary Instructional Materials and Curriculum Manuals/Guides (Materyèl enstriktif siplemantè ak Mànyèl/Gid Pwogram Etid)
• Character Education (Fòmasyon Karaktè)
• Multicultural Support Services (Sèvis sipò miltikiltirèl)
• Online Courses: Broward Virtual University (Klas nan Entènèt: Broward Virtual University)