PARENT OUTREACH OFFICE
Moun ki kontak-la: Yvette Fournier Fernández, JD
Parent Outreach Specialist
(754) 321-2951
yvette.fernandez@browardschools.com
Biwo-sa-a ofri yon gran varyete sèvis pou fanmi ki pale de lang, elèv ESOL ak òganizasyon kominotè, konsa li va asire fanmi-yo ki bileng va entegre nan kominote lekòl regilye-nou. Rechèch-yo pwouve timoun ki gen fanmi yo ki patisipe nan edikasyon-yo, va reyisi mye nan etid-yo.
Se nan enterè nou pou nou mete ajou regilyèman sit wèb-sa-a. Granmèsi sit wèb-la nou kapab founi fanmi, elèv ak manm kominote-a resous ki va fasilite patisipasyon-yo. Chèche gen aksè nan ransèyman enpòtan sou distrik Broward County School District epi sou lekòl-yo, konsa wa kapab pran desizyon akademik an moun enfòme. Nap bay fanmi-yo enfòmasyon sou sa kap pase nan nivo Nasyonnal ak nan nivo Leta, konsa fanmi-yo va kapab familyarize-yo ak dwa epi responsablite-yo, egzanp lwa No Child Left Behind Act (klike isit-la).
Men kèk sèvis biwo-nou ofri:
Tanpri ale nan divès resous nou founi nan sit Entènèt-la pou ou kapab travay ak pitit-ou pou reyalize objektif akademik nan yon wo nivo. Nou ta renmen resevwa opinyon-ou sou jan nou kapab rann sit wèb-la pi itil pou fanmi, elèv ak manm kominote-nou. Klike sou (Kontakte nou) pou ou kapab pran kontak ak nou.
Patisipe
Gen plizyè jan fanmi kapab patisipe nan edikasyon pitit-yo – yo dwe rete okouran sou tout sa kap pase nan saldeklas, lakay ak nan tout distrik-la.
Broward County Public Schools – Lekòl piblik Brawad Kaounti ankouraje fanmi-yo patisipe aktivman, epi pran responsabilite-yo pou yo bay pitit-yo bon jan edikasyon. Men plizyè jan fanmi-yo kapab di mo pa-yo epi fè ladiferans nan edikasyon pitit-yo.
DISTRICT ADVISORY COUNCIL (DAC)
(Komite Konsiltatif Distrik DAC)
The District Advisory Council ankouraje epi pwomouvwa yon edikasyon piblik pi wo kalite pou tout elèv ki nan lekòl-nou-yo, rejyon, distrik epi nan Eta-a lè li asiste epi kenbe yon rezo efikas ki fòme ak fanmi, elèv, biznis, gouvènman, lekòl, manm pèsonnèl distrik epi kominote-a.
| PTA PTA PTA | Broward County – Brawad Kaounti gen yon Asosiyasyon Paran Pwofesè PTA ki afilye ak PTA Eta-a epi PTA nasyonnnal. Se yon gwoup enpòtan ki defann epi diskite tout keksyon ki konsènen edikasyon tout timoun anjeneral. Plizyè lekòl gen asosiyasyon PTA kap travay pou ede epi avanse pwojè amelyorasyon lekòl pa-li. Jan PTA-a òganize pèmèt li prezante, nan nivo distrik-la, pwoblèm ak preyokipasyon epi diskite yo avèk Superintendent (Direktè Jeneral Lekòl-yo). Pou plis ransèyman, rele lekòl ki nan zòn-ou. |
PTO
Kèk lekòl gen òganizasyon endepandan ki rele PTO ki la pou bay chak lekòl sipò nan efò
yap fè pou amelyorasyon. Òganizasyon-sa-yo endepandan epi yo travay avèk yon lekòl
an patikilye.
SCHOOL ADVISORY FORUM
(Fòwòm Konsiltatif Lekòl)
Chak lekòl gen yon fowòm konsiltatif ki aji kòm yon gwoup ki adrese divès keksyon sou
edikasyon. Yo fè komite rejyonal ak distrik konnen lide ak preyokipasyon-yo. Toude
komite-yo rankontre regilyèman avèk manm pèsonnèl pi enpòtan epi avèk Superintendent-an (Direktè Jeneral-yo). Komite konsiltatif fè travay ekstrawòdinè onon
timoun-yo. Si ou vle vin manm gwoup-sa-a, rele lekòl zòn-ou pou plis enfòmasyon.
SCHOOL ADVISORY COUNCIL SAC
(KOMITE KONSILTATIF LEKÒL SAC)
School Improvement (Amelyorasyon lekòl) se yon priyorite pou tout lekòl Broward. Pou
sa rive, chak lekòl gen yon Advisory Council (Komite Konsiltatif) ki etidye dosye lekòl-la
epi devlope chak anne yon plan pou amelyore edikasyon nan domenn enpòtan tankou:
siksè elèv, pwogram etid, sekirite ak disiplin. Plan-sa-yo nan dosye chak lekòl. Rele
lekòl zòn-ou pou fè pati ekip-sa-a.
ESOL LEADERSHIP COUNCIL
(Komite Lidèchip ESOL)
Se yon fowòm pou tout distrik-la pou fanmi Limited English Proficient (LEP) (ki gen
konpetans limite nan lang angle) epi manm enterese nan kominote-a. Bi fowòm-la se
asiste Distrik-la epi ede li idantifye bezwen ak priryorite edikasyon elèv LEP. The ESOL Leadership Council (Komite Lidèchip ESOL) reyini chak mwa chak premye mèkredi nan
mwa-a pandan anne lekòl nan bilding K.C.Wright Administration Building. Pou plis
enfòmasyon, kontakte Yvette Fernandez nan Depatman Bilingual/Foreign Language/ESOL Education Department nan nimewo telefòn 754-321-2951; oswa vizite
Sit Entènèt depatman-an nan www.broward.k12.fl.us/esol
VOLONTÈ
Timoun-nou-yo konte sou volontè ki kapab fè tout bagay nan lekòl kote yo fè volontè –
Ede pwofesè, bay elèv leson, ede nan biwo lekòl-la epi aji kòm konseye pou motive jèn-
yo. Ou kapab ale fè volontè nan lekòl pitit-ou oswa nan yon lòt lekòl. Rele biwo Volunteer Services Office nan nimewo telefòn 7554-321- 2040 epi enskri jodia menm,
oswa vizite sit entènèt depatman-an nan www.getinvolvedineducation.com/volunteer_services.html
ASOSYE NAN EDIKASYON
Partners in Education se premye pwogram asosiyasyon ant lekòl epi biznis Broward County Public Schools. Patisipasyon ou antanke Patnè ant biznis epi kominote-a va
enfliyanse elèv-yo, fiti lidè kominote-nou. Pou asosye-yo, rekonpans-yo alafwa pre epi
alontèm paske yon bon sistèm edikasyon vle di klèman siksè ekonomik pou Broward County. Pou plis enfòmasyon, tanpri rele (754) 321-1974 oswa vizite sit entènèt
depatman-an nan www.browardpartners.com/
TAKE STOCK IN CHILDREN
Take Stock in Children se yon pwogram konpreyansif ki ede timoun reyisi. Fanmi timoun-sa-yo dwe gen ti revni. Pwogram-nan bay timoun-sa-yo bous pou kolèj ak bous pou lekòl teknik ak lekòl pwofesyonnèl, mete aladispozisyon elèv-yo konseye ki bay tan-yo, vin defansè elèv/manadjè ka, bay leson ratrapaj, ofri entèvansyon bonnè ak sipò pou yon tan long, estanda ki wo, patisipasyon fanmi, epi sipò kominote-a. Pwogram Take Stock in Children se yon solisyon pou youn nan pwoblèm grav Eta Florid ap konfwonte – elèv ki kite lekòl ak ogmantasyon krim jèn-yo ap komèt. Pwogram Take Stock in Children gen eksperyans nan ede timoun diplome lekòl segondè, ale nan kolèj, evite gen pwoblèm epi vin sitwayen pwodiktif. Fanmi timoun-yo dwe gen ti revni. Nan Broward County Take Stock in Children ede plis pase 400 elèv avèk plis pase 500 volontè ki ede konseye elèv-yo. Vizite sit entènèt depatman-an nan www.takestockinchildren.com
KONSEYE ELÈV
Èske te gen yon moun espesyal nan vi-ou tankou yon pwofesè, yon vwazen, elatriye, ki konn ankouraje epi motive ou reyisi? Yon moun pou gide-ou epi ki pou ede-ou pran bon desizyon? Se tou pa-ou kounye-a pou se moun espesyal-sa-a epi ede lezòt. Vin yon konseye epi ede motive yon timoun konsa timoun-sa-a va bay edikasyon enpòtans epi tabli bi siyifikatif pou li-menm. Ede elèv-la pa kite lekòl lè li fè move chwa tankou rantre nan gang oswa pran dwòg. Vin yon konseye! Pou plis enfòmasyon tanpri rele nimewo telefòn (754) 321-1972 oswa vizite sit entènèt depatman nan
www.getinvolvedineducation.com/mentors.html
Nimewo yo rele pi souvan
Repètwa |
||
Direktè Jeneral Lekòl-yo |
|
Telefòn |
|
Dr. Frank Till |
754-321-2600 |
|
|
|
Adjwen Direktè Jeneral Lekòl-yo |
|
Telefòn |
Chief of Staff |
James F. Notter |
754-321-2100 |
Facilities & Construction Management |
Michael Garretson |
754-321-1500 |
Curriculum & Instruction/Student Support |
Dr. Earlean C. Smiley |
754-321-2110 |
Operations |
Donnie Carter |
754-321-2610 |
|
|
|
Biwo Administratif Rejyonnal |
|
Telefòn |
North Area |
|
754-321-3400 |
South Central Area |
|
754-321-3800 |
South Area |
|
754-321-3600 |
North Central Area |
|
754-321-3000 |
|
|
|
Depatman |
Telefòn |
|
Advanced Academic Programs |
754-321-1830 |
|
Alternative Education/Dropout Prevention |
754-321-2120 |
|
Athletics & Student Support |
754-321-2550 |
|
Career, Technical and Adult / Community Education |
754-321 2620 |
|
Child Development Services |
754-321-1951 |
|
Community Involvement |
754-321-1970 |
|
Core Curriculum |
754-321-1850 |
|
Diversity & Cultural Outreach |
754-321-2090 |
|
Educational Programs |
754-321-2130 |
|
Exceptional Student Education |
754-321-2560 |
|
Food & Nutrition Services |
754-321-0215 |
|
Magnet Programs |
754-321-2380 |
|
Multicultural & ESOL Program Services Education |
754-321-2950 |
|
Primary Education |
754-321-3180 |
|
Psychological Services |
754-321-2460 |
|
Pupil Placement/Reassignment |
754-321-3035 |
|
Safety |
754-321-4200 |
|
School Assessment & School Performance |
754-321-4250 |
|
School Boundaries |
754-321-2480 |
|
School Readiness |
754-321-1951 |
|
School Records Custodian |
754-321-3150 |
|
School Social Work & Attendance |
754-321-2490 |
|
School-to-Career |
754-321-2530 |
|
Special Programs (TITLE I) |
754-321-1400 |
|
Student Support Services & Exceptional Student Education |
754-321-2560 |
|
Superintendent Schools |
754-321-4811 |
|
Transportation Services |
754-321-4440 |
|
Volunteer Services |
754-321-2040 |
|